- « Mwen brize lontan, moun nou wè chak jou isit la ak sou chimen nou an, se pa li ki mwen », Colsone Nicolas, nan yon kòmantè.
- « 12 janvye te gentan kòmanse pou mwen, sa ki mouri, sa ki vwayaje, nou konn pale nou plenyen ansanm epi lè dlo a vini nou kite l koule », Magdalina Délorme, k aprakonte soufrans li, nan yon kòmantè.
- « De tanzantan dlo sot nan je m, m toujou sonje manman m », se kri yon lòt zanmi Gaillard le Fou ki rele Yole Fanm Vanyan Félix, sou rezo yo.
Soti nan premye kòmantè a rive nan twazyèm lan, se menm kout ponya a, ou santi se tristès menm an pèsòn k ap esprime nan vwa mesyedanm yo. Sitiyasyon malouk sa a montre aklè ki jan jèn fanm ak jèn gason ap soufri an silans nan sosyete a, yon reyalite chak jou k ap anpire.
- « Monchè souvan n maske tristès yo nan souri. Men moun ki pre n yo konnen souri a fo. Sitou nan zòn nou grandi, a moun ke n grandi. Se moun sa yo ki tounen sosyopat e zòn sa tounen zòn non dwa (tèritwa pèdi) », pawòl Esaie Jean Claude, yon zanmi fesbouk Gaillard le Fou.
- « M viv sa trè mal… chak jou m leve ak enpresyon ke “m derasinen”. Men kòm m dwe ret kanpe, n ap lite », Duchesse Tchina, yon lòt zanmi k ap di pèn li nan yon kòmantè.
- « M ap pale bagay sa toutan, men kòmsi m wè kè anpil kontan wi », yon konsta, Amos François fè.
- « Lavi fè koub li », se konsa, Polito Jodeve Cajuste, chwazi rezime sitiyasyon an bò kote pa l.
San mete pase genyen, toulè kat (4) dènye kòmantè sa yo sanse ale nan menm sans, se toujou menm lide a ki travèse tout, radyografi yon jenès k ap vann fo souri pou lespwa. Yon jenès ki kwè malgre tou, maske tristès yo sou rezo sosyo nan fè sanblan y ap souri se pi bon mwanyen yo ka montre yo rezilyan fas ak efondreman sosyete a ki koupe yo nan zantray. Ou kwè m pa ta nan lo a tou ?
An menm tan, kòmantè yo rive montre se menm sila ki grandi nan kominote yo ki transfòme an sosyopat (moun ki soufri twoub pèsonalite, ki pap viv selon nòm soyete a bay yo) epi ki vin mete chagren nan kè sosyete a ankò, kòmkwa yo se yon seri viktim boutofen k ap bay sosyete a monnen pyès li.
- « Pa vi n fè m kriye la non », se fason pa Phaeton Mackenson, ki vle montre fason li touche!
- « M ap viv moman sa ak anpil tristès frè m », deklare, Kerly Fanfan.
- « Monchè se gason m ye, menm pap kache w, m prèske konn doulè sezaryèn wi, pou jan nèg yo rache m ak Pòlkam yo, fanmi m yo, e sa pi terib lè m wè jan mounite ap tenyen. M jere sa ak weed mwen epi kenbe ilizyon rèv mwen yo tankou se yon lòt opsyon, menm si se pa sa vre », avre Ralpho Saint Marc.
- « Depatman sant ki koupe ak Pòtoprens fè m pa ka wè manman m, ti nyès mwen ak pitit mwen », Paula Positiviste Toussaint, k ap esprime enkyetid li, nan yon kòmantè.
Seri kòmantè sa yo evoke plizyè pwoblèm majè k ap ravaje strikti sosyal la an Ayiti. Akote pwoblèm jèn yo k ap soufri anba chal, lakay mesye yo espesyalman vin genyen sa n ta ka rele yon “oto-dominasyon”, yon dominasyon gason yo ap sibi pa pwòp tèt li, yon pwoblèm ki lye direkteman ak fason sosyete a konstui gason (patriyaka) kòm yon kategori sosyal aparantyè, kote menm si gason li menm ap soufri li pa ka kriye. Kidonk selon sosyete a, gason pa kriye, gason fèt pou kenbe, resiste. Yon gason k ap kriye swa pou pwoblèm oubyen doulè, se yon gason ki pa fin gason. Tout sa yo pral vin debouche sou yon seri lòt pwoblèm kote pral vin genyen de plis an plis jèn gason ki pral chwazi lage nan fimen ak bwè anpil pou jere moral yo, yon lojik ki pa toujou pote solisyon.
Sepandan, menm sosyete a ki di gason pa kriye a, bliye si gason yo se pa kè plastik yo genyen. Menm sila k ap viv avèk kè plastik yo gen moman yo kriye. Anplis si n ap byen konstate, depi yon bon bout tan nan sosyete a se plis gason ki antre nan asosyasyon malfetè, epi se yo k ap simen latwoublay, e se yo tou fòs politik yo souvan itilize kòm entèlijans malveyan pou destabilize peyi a paske yo se de veritab wobo sosyal ki kapab mye fè travay sa a nan fason sosyete a li menm panse kategori sosyal sa. S on travay ki fèt nan mantal gason yo depi ala baz.
Yon lòt kote, nou kapab di egalman pawòl sa a gen limit li si n ap pran ankont nyans ki petèt egziste, osnon tip de fòmasyon ak edikasyon diferan kategori sosyal gason yo reprezante a resevwa nan sosyete a, piske chaje lòt jèn gason ki pa fè chwa lòt yo fè a tou, ni nan kategori inivèsitè yo, ni nan kategori analfabèt yo, ak nan kategori ki soti nan klas defavorize yo ak nan laboujwazi. Menm kan, nou rekonèt tou, se pa ni fòmasyon ak kalite edikasyon, ni klas gason yo soti k ap detèmine èske yo se wobo sosyal ou pa, piske s on pwoblèm ki poze depi nan konstriksyon yo an jeneral nan sosyete a, menm jan nou site sa nan paragraf anvan an.
Defèt, si lè yon gason ap kriye, sosyete a konsidere li pa fin gason, kidonk lè se gason k ap mete dlo nan je sosyete a ki jan sosyte a li menm konsevwa sa? Annatandan pou jenès la jodi jou k ap soufri, k ap mouri nan nanm li sou silans konplis sosyete a, kisa n ap fè kont sa? Èske n ap kite tristès ak depresyon fin disparèt yo nèt ? Antouka, te m al tcheke sou tèt mwen. Malè pa mal !