Nan yon konferans pou Laprès, jedi 3 oktòb 2024 la, Akademi Kreyòl Ayisyen an (AKA), lanse 41è selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl, nan otèl Montana, sou wout Bourdon an. Sou tèm : « Lang kreyòl, zouti rezistans pèp ayisyen an ! », an menm tan AKA deplòtonnen tapi senbolik doub selebrasyon sila, mwa kreyòl ki kwaze bab pou bab ak selebrasyon 10 zan egzistans Akademi an depi enstitisyon sila ap travay kinalagalach pou bay lang matènèl la eskanp nan sosyete ayisyèn nan.
Selon sa ki mansyone nan diskou Prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen an, Rogéda Dorcé Dorcil, selebrasyon mwa entènasyonal lang ak kilti kreyòl, se okazyon pou nou fè popilasyon nou an konnen li pa pou kò li nan batay sila. Lang sila ki akonpanye li an depi byen bonè nan istwa li, se yon patrimwàn plizyè milyon lokitè pataje sou latè. Se moman pou mwen fè nou sonje, 1983-2024, sa deja fè 41 lane depi diferan kominote kreyolofòn ap selebre jounen entènasyonal lang ak kilti kreyòl.
Li kontinye pou l di, selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl ane 2024 la ap fèt nan yon kontèks espesyal. Mwa a espesyal paske ane 2024 la make 10 zan kreyasyon Akademi Kreyòl Ayisyen. Depi 2014, Akademi Kreyòl Ayisyen ap depoze pyon pou kore devlòpman lang ak kilti kreyòl la. Se pou sa, Akademi an gen yon kalandriye byen gani ak yon dividal aktivite pou selebrasyon pandan mwa oktòk la men tou pou make 10 zan enstitisyon an, pawòl nan diskou Rogéda Dorcé Dorcil, Prezidan Akademi Kreyòl Ayisyen.
Yon lòt kote, sekretè jeneral AKA a, Samuel Jean Baptiste, fè konnen selebrasyon mwa lang ak kilti kreyòl se yon tradiksyon Akademi an ap kenbe depi lè kreyasyon li an 2014. Pou ane 2024 la nou angaje nou nan yon doub selebrasyon, selebrasyon mwa lang ak kilti ki derape jodi a avèk lansman an ap gen anpil aktivite k ap bout jiska 28 oktòb, epi selebrasyon 10 zan an ki koumanse jodi a pou bout 4 desanm ki ki make dat enstalasyon Akademi an ofisyèlman.
Selon sa ki mansyone nan pwogramasyon an, gen yon seri aktivite ki prevwa òganize pandan peryèd sila. Pou selebrasyon 10 zan AKA ap gen diferan konferans pou Laprès, yon toune 10 sou 10 nan Kapayisyen, 10 pou rive 20 novanm ap gen yon panteyon kreyolis vityèl epi ap gen fòmasyon pou anplwaye AKA yo epi yon wonmble nan dat 4 desanm nan ki se jou fèt akademisyen yo.
Pou pwogramasyon mwa lang kreyòl la, madi 8 k ap bout jedi 10 oktòb ap gen yon atelye sou literati jenès avèk ekriven Marc Exavier, nan lokal Akademi an sou Bwavèna. Ap gen tou yon pwogram espesyal ane sa sou fòm konferans -deba sou divès sijè ki batize « Vandredi Mo », premye envite espesyal la se Akademi Christophe Philippe Charles. Lendi 14 ap gen yon konferans avèk Prezidan Rogéda Dorcé Dorcil, nan madi 15 ap gen yon vant siyati « MOUN » kote akademisyen Clotaire St-Natus ap prezante akademisyen yo bay gran piblik la nan yon liv epi vant siyati « Gen Yon baka nan bouk la » yon liv akademisyen Christophe Philippe Charles ekri.
Lòt aktivite k ap rapousuiv, pou jounen 16 oktòb la ap gen kozri sou tèm « lang kreyòl nan Kiba » avèk Hilario Batista Félix depi nan peyi kiba. Aktivite Vandredi Mo ap kontinye, pou pwochen vandredi a y ap resevwa akademisyen Pauris Jean Baptiste (premye pri Kreyòl Deschamps) an plizyè jèn otè John-Olsen Dessources ki resevwa pri Amaranthe 2023 pou woman Kreyòl « Lesansyèl anti lesyèl ak latè », Fédia Stanislas pri Deschamps pou woman Kreyòl « Konfidans », Roudy Attilus Pri Deschamps pou woman « Kèkèt ak Jan Mari », Saika Céus pri Deschamps pou woman « Tifi » epi Frantzley VALBRUN kòm moderatè.
Rete konekte avèk Akademi Kreyòl Ayisyen an sou rezo yo pou n ka okouran sou tout rès aktivite yo ak dat dewoulman yo.