Nan lanne 1992, yon latriye espè ki te pote nan kòsay tip ak kalite penmeyank, ekonomis, klimatològ ak lòt disiplin ki nan menm larèl lide a, te chita nan yon gwo wonmble yo te bay pote non somè latè nan peyi Brezil, pou plis presizyon nan vil Riyo. Sa ki vin fè li gen yon ti non jwèt ki rele somè Riyo. Gwo chita pale je nan je sa, te rive fèt pou analize ak chache konprann fonksyònman planèt la. Se te yon diskisyon ki te pral abouti ofisyèlman ak koze planèt la ap chofe.
Kidonk, klima pa tifi, lavi moun sou planèt abmnboulatya. Sa ki vin fè tou, lavi espès ki sou planèt la menase. Yon chanjman klimatik k ap taye banda sou planèt la akoz pou anpil espè yo, aksyon moun yo ki pa akòde oudimwen koresponn avèk lojik fonksyònman planèt la. Savledi, lojik kwasans ekonomik koupe kou poul gwo peyi ki pote non devlope nan chematik kapitalis, modèn ak oksidantal la pa danse ploge avèk mach eskalye lwa natirèl yo tabli a. Menmsi tou, gen lèzòt ki panse se pa aksyon moun oubyen sèlman ki tabli chanjman klimatik k ap demanbilite planèt la.
Depi lò pawòl sa pran lari pou gaye kò li sou planèt la, vin gen yon latriye mezi, politik piblik ak gwoup presyon nan tout nivo k ap pouse kou djondjon pou pote lide sa nan tout espas desizyon mond lan. Se nan menm kontèks sila, yo tabli yon latriye ministè anviwonnman pou kanpe yon tralye politik piblik nan peyi yo, ki gen pou wè avèk domèn ekoloji a. San nou pa bliye kòp yo (wonmble sou ekoloji) ki se yon gwo podyòm mondyal ki defini yon ak pèfòmantif pou diferan aktè nan mond lan. Sa pou nou di tou, platfòm ekolojik sila chita anba lobedyans menm chema panse sila yo ki demanbilite planèt yo ap reflechi ak solisyon pou li a. Sa ki sèten, zafè ekoloji a, vin tounen yon pwoblèm dòd piblik peyi yo oubyen mond lan ap konfwonte.
Pou anpil espè sa yo, solisyon ki ta dwe taye banda nan zantray politik piblik sa yo, ta dwe pase pa yon lòt paradig ekonomik ki evite degaje gaz ak efèdesè yo. Sa ki vin tabli 17 objektif pou rive abouti avèk sa yo rele yon devlòpman dirab. Espè sa yo, vle pale nan yon lojik devlòpman ki ap esplwate resous planèt la genyen, san li pa kite malè pandye sou tèt tyovi ki gen pou vini an n apre yo. Kivledi, jenerasyon ki la pa dwe konpwomèt lavni sila k ap vini yo. Paske, sou plan etik, kid sila ki pase yo, ki kite dezagreman an; kid jenerasyon ki la yo; kid jenerasyon ki nan wout k ap vini yo, nou tout se kopwopriyetè planèt nou an.
Pa gen yonn ki gen dwa pase lòt. Nou tout gen pou devwa itilize li, nan limit pou lòt la jwenn san tèt fè mal, ale wè pou tèt kase. Nou pa dwe mete lavi lòt yo andanje, akoz move zak n ap poze. Nou dwe abite planèt la avèk yon konsyans ekositwayen responsab. Sou baz sa, gen sila ki panse veritab batay pou chita yon idewoloji nan mond lan ta dwe yon batay pou chita yon idewoloji ekolojis. Yon batay k ap vize retire moun nan tout fòm alyenasyon pou mennen nou sou wout amonizasyon planèt la.
Men tou, koze sila mennen nou gade rapò dimansyon ki tabli nan mitan sosyete yo ak dimansyon kontradiksyon yo tou. Genyen, yon filozòf ki rele Feliks Gwatari ki vin avèk yon konsèp yo rele ekozofi. Se yon demach filozofi ki tou marande avèk zafè ekoloji a pou gade kalte sajès ki abite moun yo, nan lide pou gade ki mannyè yo abite planèt la. Se yon demach filozofik ki bwè dlo nan larèl lide filozòf Ans Nes la ki rele yon ekoloji pwofondè.
Pou Gwatari, genyen 3 nivo ekozofi k ap deplòtonnen nan lavi a. Dabò, genyen ekozofi moun k ap gade sajès moun yo genyen pou abite latè. Dezyèmman, yon ekozofi sosyal k ap gade rapò sosyal sou plan egzistansyèl, moun yo ap deplòtonnen antre yo. Boutofen, yon ekozofi fizik k ap gade rapò moun deplòtonnen avèk tout biyosfè a, nan demach Wladimir Vernadsky. Vernadsky defini biyosfè a, tankou yon konseptyalizasyon lavi ki ranmase totalite mouvman terès la.
Nan chema Gwatari a, moun yo se sèl antite kosmik, nan lojik filozofi kosmik Vernadsky a, ki ka soti anba gouyad lwa natirèl yo pou rive enpoze pwòp lwa yo anfonksyon sans segon yo. Sa ki vin lage pwòp tèt yo nan alyenasyon, pou chita pwòp dominasyon yo. Yo domine pwòp tèt yo, pandan y ap tabli sitiyasyon pou domine lòt moun. Savledi, chak moun nan pwòp sans li, ki depaman avèk sans premye lavi a. Kidonk, chak moun vle enpoze li sou lòt la avèk tout rès kosmòs la pou enpoze sans pa li. Yon demach ki degrade tout sans lavi a.
Se pwoblematik sila, Dèkat t ap tante poze nan koze bon sans lan. Kidonk, nou vle soti nan rapò dominasyon, alyenasyon ak esplwatasyon sou tèt nou ak lòt yo pou chita yon rapò amoni kosmòs la. Yon rapò amoni ki dwe swiv mach eskalye lwa natirèl lavi a. Se pou rezon sila, Gwatari mande pou politik piblik k ap travay sou sosyalizasyon moun yo kanpe yon machin enjenyerizasyon pou reyenjenyerize moun yo. Se yon demach k ap penmèt moun yo trape dimansyon mounite inivèsèl yo. L ap chita tou, sou yon reyenjenyerizasyon sosyal k ap penmèt moun yo fonksyone nan amoni kosmòs la. Boutofen, yon reyenjenyerizasyon fizik ki pral rekadre lavi sou planèt la, pou moun yo ka viv nan amoni avèk lanati.
Pou koupe kou met nan makout, pwojè idewoloji ekolojis la chita kò li nan larèl lide k ap bouske libète pwofondè moun yo, pou rive akouche bonè, jistis kosmik, lanmou plis espirityalite pwofon ki pral chita tout bon vre platin an nò k ap fè moun yo viv nan amoni ak lapè. Yon mak fabrik lavi kote tout fòm chirepit pral rezoud san traka ak tèt chaje. Epi tou, pandan n ap esplwate resous yo pou tabli yon vrè devlòpman dirab. Pou dayè, san liberasyon ontokosmik moun yo, pou rive akouche mounite inivèsèl li, pwosesis devlòpman dirab la pa p ka pwente.