Politik se toujou yon pratik sosyal ki penmèt piwèt lespri moun ki pi dyougan nan sosyete yo rive tabli yon mòd jesyon nan site a, apati yon modèl gouvènans ki rive rasanble kantite fòs ak pouvwa y ap bezwen pou pran mayèt la ; epi, kenbe mayèt la pou tout tan li favorab pou yo, nan lojik pou aplike politik piblik yo gen nan dyakout zaka yo.
Pa bò isit, gen yon gwo twou nan manch aktivite politik yo. Sa ki vin fè, yo paka mare zanmitay sere sere avèk estabilite. Kidonk, ta sanble yo pa rive sènen nan tout pwofondè li, kontradiksyon ki kache dèyè nesesite gouvènans Ayiti a. Se sa k fè nou toujou di, yon politisyen se toujou yon lespri dyougan ki rive plane sou tèt tout kafouyay kontradiksyon yo, yon mannyè pou pran devan tout latriye kontradiksyon sa yo. Epi, antisipe sou evantyalite yo ka pwodwi.
Pandan n ap pale sou kontradiksyon an, san nou pa detounen li, yonn nan manman penmba kontradiksyon Ayiti a se mak fabrik de linèt lavi ki p ap gade nan menm direksyon. Epoutan, yo tou de ap mennen gouyad lespri moun yo. Se nan sans sa, dyougan Jan Pras Mas te ekri vokasyon elit ayisyen an. Se nan tantativ pou bouske yon mak fabrik politik ki rive marande avèk kolonn vètebral sosyete a pou penmèt yo tabli yon gouvènans ki ka akouche pwogrè.
Se nan larèl lide sa, nou t ap panse avèk yon tantativ pou lakouyize politik la. Nan yon lòt mo, nou t ap gade nesesite pou kanpe yon politik lakouyizasyon. Lakouyizasyon politik la, se yon dinamik ki penmèt nou ranmase twa wòch dife ki kenbe tennfas kolonn vètebral peyi a, nan lide pou chita yon lòt antwopoloji politik, sitou sou zafè lakilti. Paske, depi 1806, nan chema antwopoloji politik peyi a, yo te jete nan raje wòch Afrik ak Taynòs yo, pou kenbe nan yon panse inik wòch ewopeyen an. Sitou, nan yon chema dominasyon sou de lòt yo. Kidonk, se yon demach k ap bouske yon ekilib nan ekosistèm antwopoloji kiltirèl pèp la sou plan politik. Sitou, nan lide pou akouche vrè idantite pèp la.
Se yon inisyativ politik, k ap penmèt nou ranmase nanm oubyen bonnany pèp la, epi, plante li nan jouk politik piblik ki gen pou deplòtonnen sou peyi a. Se yon demach ki vize yon mounite inivèsèl nan lide pou chache sans premye lavi a. Se yon vize politik ki idewolojikman jouke sou prewokipasyon ekoloji pwofondè a k ap detire kò li nan peyizaj idewolojik mond lan. Sitou, nan yon kafou, kote zafè idewoloji ap pèdi sa l te ye avan yo. Alòske, rapò dominasyon toujou rete pwisan pou koukouman moun nan lamizè. Se pou rezon sa menm, n ap itilize chema idewoloji sa, pou redefini yon dominasyon radikal ki rive ranmase tout kategori sosyal nou te siyale nan vol. 1 an.
Se yon kadfigi, ki sifi nan limenm pou ranmase tout lye dominasyon mond lan. Paske, yonn nan eleman ki alabaz tout fòm dominasyon yo, se dimansyon alyenasyon moun yo. Se yon baz idewolojik k ap bouske yon dimansyon mounite inivèsèl, ki jouke nan yon paradig konpletid oubyen toudinpyès. Mounite inivèsèl la, se yon dimansyon moun ki chita sou respè lwa natirèl ak kosmik k ap mennen lavi a. Se yon demach k ap kouri dèyè tout fòm alyenasyon.
Nan chema dominasyon aktyèl la, gen de kategori alyenasyon. Dabò, yon alyenasyon sosyal kote detèminis sosyal la anpeche moun yo jwenn jouk libète yo pou yo fonksyone nan yon rasyonalite kosmikman dyougan. Apre sa, gen yon alyenasyon kosmik kote gen yon vwal dogmatis ki anpeche moun yo entegre plan kosmik ak inivèsèl lavi a. Yon entegrasyon kosmik k ap bouske yon vrè koyezyon kosmik pou chache lapè ak byennèt.
Pou dayè mo moun lan, soti nan tribi kongo a, sitou nan mo MUNTU a. MU vle di antite kosmik. Epi, NTU a ki vle di enèji ansyen. Kidonk, yon moun se yon antite kosmik ki gen yon enèji ki abite l pou ba li direksyon. Savledi, se yon moun ki chape poul li anba tout fòm alyenasyon pou jouke konsyans li nan gwo manman penmba entelijans kosmik lavi a, pou rive wè klè nan gouyad sajès ak rasyonalite lavi a.
Pou tounen sou lakou a, pou rete nan definisyon klasik la, se yon espas ki gen demanbre li, ounfò li, lòt kay ak lòt espas ki ka fè jaden. Demanbre a, se yon espas konsantrasyon enèji pou moun ki konekte ak demanbre a regle koze mistik ak enèji yo. Ladan, gen pye bwa sèvi ak lòt espas sakre. Ounfò a, gen yon peristil ki se espas piblik, kote nenpòt ka penetre pou gade yon seremoni. Nan peristil la, gen yon potomitan, ki senbolize pwen entèseksyon ant mond vizib ak envizib lakou a. Se li ki konekte moun lakou a avѐk lwa yo.
Apre peristil la, w ap jwenn nan ounfò a, badji ki se ti kay lwa pou oungan ak manbo rele lwa pou fè maji ak mistik. Epi, gen dyèvò ki se ti kay moun k ap kanzo a nan lakou a kouche pou fè inisyasyon an. Nan lakou a, ou ka jwenn plizyè lòt kay pou moun abite.
Nan yon lakou, gen pitit fèy ak pitit biyolojik. Pitit fèy la, se tout moun ki rantre nan fanmi lwa lakou a. Pitit biyolojik la se pitit oungou ak manbo ki mèt lakou a. Nan lakou a, se pa oblije lyen biyolojik ki detèminen pozisyon yon pitit nan lakou a. Kidonk, lakou a se yon zouti ki rive rasanble moun yo, pou mare kòd lonbrik yo ansanm pou rapousiv yon ideyal ansanm.
Men, nan kad lakouyizasyon politik n ap konstwi la, lakou a ta dwe sibi yon egstansyon nan gouyad espresyon li. Savledi, nan lakou a, n ap jwenn lakou sèvi ak lakou pa sèvi. Lakou sèvi a, se lakou ki gen rapò ak lwa vodou yo jan tradisyon an chita li a. Lakou pa sèvi a, se mòd lakou kanpay yo, chak peyizan gen lakou kay li pou gaye lodyans ak lò amizman ki pa oblije gen rapò ak lwa. Menm si, nou ka di tou, tout lakou gen pwòp regleman yo pou yo fonksyone. Se pou rezon sa, pwovèb grandèt yo, toujou di w, kay granmoun gen lòd. Moun pa rantre nan lakou moun konsa konsa.
Nan lakou sèvi yo, se mòd nou te kanpe nan définisyon klasik la. Ladan gen lakou sèvi prive ki se espas demanbre fanmi an, ki ka gen ounfò li tou. Gen lakou sèvi piblik ki se tip lakou tankou lavilokan ak souvnans ki disponib pou resevwa tout moun k ap bouske yon bagay nan kilti pèp la. Sa ka rive lakou sa yo gen yon gwoup moun ki mèt li, men, li louvri pou aktive piblik.
Gen lakou vil ki se devan oubyen dèyè kay la ki penmèt moun lavil yo reyini pou resouse yo ansanm. Li kapab yon sal tou ki gen misyon pou rasanble moun yo ansanm. Gen plas piblik vil yo tou, ou te ka konsidere yo tankou yon gwo lakou piblik oubyen kominotè vil la. Konsa tou, konn gen plas piblik nan seksyon yo tou.
Kidonk, lakou a, se yon prè pou rive rasanble moun yo ansanm pou analize lye dominasyon ak alyenasyon k ap koukouman yo, nan lide pou konekte tout lakou yo nan yon vizyon kolektif pou gade kisa ki ka fèt kòm dinamik pou transfòme reyalite sosyal y ap viv la. Se yon espas k ap penmèt yon ranmase memwa peyi a, istwa li, patrimwàn li, tradisyon li, kolektif imajinè li, nanm peyi a ak tout egregò li pou rantre yo nan batay pou transfòme peyi a.
Boutofen, se yon demach pou ranmase kilti pèp la, nan batay pèp la, nan lide pou jouke sivilizasyon k ap boujonnen depi 1804 la. Yon sivilizasyon k ap bouske yon mounite fètefouni. Sa ki enpòtan, fòk nou jwenn yon fòmil politik ki ka non sèlman ranmase tout eleman sa yo, men tou, defini yon lojik politik ki ka konkretize pwojè libète ak byennèt sila nan lavi chak jou moun yo. Se pou rezon sa, nou envite nou reflechi nan lye lakouyizasyon politik la.