Tout sosyete k ap evolye toujou chita sou yon sistèm ki mete de pye l fèm atè. Se sistèm sila ki tou bay fòmasyon sosyal peyi a fòs oubyen jarèt pou l kontinye sige. Men, sa ki enpòtan nan reyalite a, toujou gen yon kategori sosyal ki kenbe sistèm lan jouk nan zo, nan lide pou defann enterè klas yo. Kategori sila, se li yo toujou konsidere tankou moun ou te ka di ki mèt sistѐm lan. Se yo menm ki toujou fè dappiyanp sou richès peyi a ak mwayen pwodiksyon yo. Kivledi, se yo ki rele posedan mwayen pwodiksyon yo. Se yon tralye moun ki monopolize pouvwa ki genyen nan espas sosyal la pou enfliyanse aksyon k ap mennen nan sosyete a.
Nan sans sa a, pou nou rive konprann kategori sosyal ayisyen ki kontwole fòmasyon sosyal peyi a, nou oblije tounen nan reyalite pòs lendepandans lan. Yonn nan premye richès ki te genyen nan peyi a, apre 1804, se te tè a, kòm resous ki ka fè agrikilti, swit ak politik boule kay la. Premye batay politik ki te tanmen nan espas pòs kolonyal la, se te pou rive verifye papye tè, sou Desalin, kote pè yo ki te jwe wòl ofisye eta sivil te nan kont mal taye avèk kontrebandye yo.
Se yonn nan rezon ki fè, gen moun ki di legliz te patisipe nan pwojè asasina a. San kite batay ki t ap mennen pou kontrekare kontrebann sou zafè fiskalite leta ak sitwayen yo, apati danre ki t ap pwodwi yo. Latriye kontradiksyon sila yo, pral mennen jouk nan asasina anperè Desalin ak tout rès akolit li yo.
Finalman, pral gen yon lòt politik ki vin tabli sou zafè tè a ak mannyè pou fè agrikilti. Sa ki tou di, kategori sosyal ki te kontwole tè yo kòm richès peyi a pral chanje. Kidonk, dinamik pòs asasina 1806 la, pral kreye yon gwoup fewodalis, ki se yon latriye grandon. Mo grandon an, vledi, Petyon ak tout lòt ekip li yo, te pral distribiye yon tralye tè bay gwo zouzoun ki te gen nan peyi a, sitou, chèf nan lame endijѐn yo, pou te rive kontwole yo. Kidonk, se tralye moun sa yo, yo te rele grandon an. Nan yon lòt sans, yo te fè yo, yon tralye don, ou te ka rele gran don.
Nou paka kite sou kote tou, tralye tè ki te rete nan men leta, yon mannyè pou politisyen te ka taye banda. Savledi, gwoup fewodalis yo, se premye gwoup ki pral mare sosis yo avèk leta pòs asasinay la pou monte ak kontwole sistèm peze souse a . Yon sistèm ki chita sou bit dominasyon ak esplwatasyon sou nouvo lib yo.
Men, nan pwosesis akimilasyon richès la, nan demach fewodalis li, li pral bay nesans avèk yon gwoup, ki se gwoup boujwazi machann lan. La, nou vle pale sou gwoup k ap fè espekilasyon sou sistѐm fewodal la, san konte al achte pou revann swa anndan oubyen deyò peyi a. Yon gwoup ki kòmanse konstitiye tèt li apati gouvènans Jefra ki te vin chita nèt al kole lojik newokolonyal la, nan nivo aparèy idewolojik, sitou nan siyati konkòda leta ayisyen ak legliz katolik la.
Fòk nou siyale te toujou gen gwo chirepit ak gwo penmba kontradiksyon nan mitan de gwoup posedan richès peyi a, ki konn menm debouche sou piyaj sou gwoup boujwazi machann lan. Men, sa ki pi enpòtan, tou de te rive evolye nan lide pou kenbe dominasyon ak esplwatasyon an sou do nouvo lib yo ki te vin pratikman peyizan yo, nan epòk la. Sonje, nan peryòd sa yo, pa t ko gen tout ti machann ak ouvriye tan kounye yo. Menm pen, daprè Pòl Moral, nan peyizan ayisyen an, yo pa t vle peyizan vann, nan lide pou l te ka rete konsantre sou travay grandon fewodalis la.
Kriz akimilasyon sou richès peyi a apati gwoup dominan yo plis gwoup domine yo, pral mennen evènman politik okipasyon Etazini an. San nou pa retire rapò jewopolitik gwo pisans avèk Ayiti. Pou dayè, tout sistѐm yo, kid fewodalis, kid kapitalis, gwoup boujwazi ak fewodal yo toujou rete branche sou dominan enperyalis, kapitalis ak newokolonyalis entènasyonal yo. Kidonk, yo se espresyon pwolonjman sistѐm mondyal la anndan peyi a.
Kanta fenomèn lokipasyon an menm, li vin akouche yon lòt gwoup boujwazi estratèrès, yo bay pote non siwolibanè, nan sans pou di gwoup sila yo, soti nan zòn oryan. Sitou, Siri, Liban, Ejip, Izrayèl ak lòt ankò. Kòm gwoup boujwazi pòs 1806 la ki pote non gwoup boujwazi endijèn, yo te plis mare sosis yo avèk Ewopeyen yo, sitou Lafrans ak Almay. Pou te rive jwenn yon gwoup k ap pote pwojè dominasyon Etazini apre peryòd okipasyon an, Etazini te vini avèk gwoup boujwazi kapitalis. Se te gwoup koutye enperyalis la. Paske, yonn nan misyon Etazini nan okipasyon li an, se te rive enpoze li nan rejyon an. Epi, ki tou enskri tout peyi rejyon an nan pwojè enperyalis li a.
Kidonk, nou vin gen twa gwoup dominan sa yo k ap koupe rache nan batay antre yo pou ejemoni, nan yon lojik radikal pou kontinye mete pye sou kou klas sosyal oprime oubyen domine a. Jiska jounen jodi, se toujou 3 manman penmba gwoup sa yo ki konstitiye gwoup dominan sistѐm lan, pou rive domine klas sosyal domine Ayiti a. Sitou, nan konplisite ak leta k ap fè dyòb sal la. Sa pou nou siyale, anndan gwoup dominan yo, toujou gen yon batay ant idewoloji nasyonalis ak antinasyonalis k ap twoke kòn yo. Gen yon kategori ki toujou vle kanpe yon dimansyon nasyonalis nan rapò jewopolitik y ap deplòtonnen ak lòt peyi yo. Konsa tou, gen yon gwoup ki pa gen anyen pou wè avèk sa yo rele nasyonalis la. Sèl sa ki enpòtan pou yo, se rive jwenn vye mannèv pou esplwate peyi a ak chita dominasyon enperyalis plis newokolonyalis la anndan peyi a.
Boutofen, pa gen okenn posibilite pou yon gwoup oubyen klas sosyal kontinye fè menmiz sou peyi a ak tout richès ki ladan, san li pa genyen yon panse sosyal ki rive byen jouke l oubyen simante l nan tèt klas domine a, apati aparèy idewolojik sistèm lan mete kanpe debou. Yon demach ki vin penmèt gwoup dominan Ayiti yo taye yon bonèt pou chita nan aparèy idewolojik peyi a. Yon bonèt ki te depi nan konkòda 1860 lan, pase nan travay Etazini te mennen nan sistèm lan nan peryòd lokipasyon an jouk vin jounen jodi a kote Lafrans, Kanada ak Etazini pa sispann enfliyanse sistѐm sosyalizasyon pèp Ayisyen an. San kite sou kote, enfliyans aparèy represif peyi a depi nan kraze lame endijѐn, pou pase nan kraze fòs lame Ayiti nan dat 1994, jouk nou rive nan konstwi fòs polis ayisyen ak tout sistѐm jidisyè a.
Kanta fòs lokipasyon an menm, depi 1915 se yon tralye ki rive deplòtonnen sou peyi a. Kote n ap pale la, gen yonn ki pandye sou tèt peyi a, ki ka ateri nenpòt kilè, sitou avèk yon makiyay k ap fèt ak lame kenyen yo.
Bon gagay