Tèks sa enskri tèt li nan pwojè pou rapousiv lide ki ka ede gwoup pwogresis Ayiti yo kwaze bab pou bab avѐk levye ki ka penmèt kan pwogresis la rive transfòme reyalite sosyal ayisyen an, k ap ban nou defi depi 1806.
“Filozòf yo fin entèprete monn lan, kounye a, an n kanpe toyo oubyen paradig pou rive transfòme li”. Sa se pawòl ki te soti anba gouyad plim filozòf Karl Marx pou louvri kannari lide k ap bwase kò yo pou mete kanpe yon jewografi transfòmasyon sosyal nan monn lan. Fraz sa, pa sispann bat lakanpany nan kòlòwòs tèt mwen, pou gade kijan li ka koresponn ak mak fabrik sosyete Ayiti a. Èske nou rive kit ak koze ki ta fè kwè filozòf yo fin entèprete monn lan ? Sitou, lè nou tonbe bab pou bab, avèk prewokipasyon entèlektyèl nou, sou tèren kriz ki kanpe tennfas sou sivilizasyon oksidantal la, sou ekoloji ak moun menm nan jan nou kanpe l sosyalman, ki pa menm plimay ak mak fabrik ontolojik lanati taye pou moun. Si nou rantre lakay nou Ayiti, nou ka toujou di : èske lye entèpretasyon ak transfòmasyon maksis la, gwo nèg ak gwo bibit ase pou pote ak ranmase gouyad transfòmasyon sosyal peyi a. Sitou, si nou pati ak lide moun lan, nan demach Ayiti a, ki jouke nan jouk Lafrik ak Taynòs yo, ki se yon antite ki reprezante alafwa sou lide matyè ak enèji. Alòske, lye transfòmasyon maksis la jouke nan inikman filozofi materyalis la. Kidonk, menm konsepsyon moun lan, nan sans etimoloji afriken li, nan peyi kongo, gentan depase paradig maksis la, nan nannan fondyè li.
Pou n kontinye, chita sou konsepsyon moun lan lakay ayisyen an, nou ka di nan sans MUNTU a, li vle di, yon enèji ki abite yon antite kosmik nan lide pou ba li direksyon, selon gwo entelijans kosmik lan k ap asire gouvènans kosmòs la. Yon prensip materyalis antik tankou Démocrite ak tout lèzòt yo dakò sou li. Savledi, moun lan gen kò li k ap bouje, gwo bonnany li k ap ranmase enèji kreyatris lavi a, epi, tibonnany li k ap operasyonalize aksyon li yo, sou enfliyanse gwo bonnany lan. Kidonk, koze sa gentan mande chèz pou pi byen sènen lye transfòmasyon sosyal Ayiti a, nan pèspektiv pou remannyen lye entèpretasyon lavi sou peyi a. An n apre tou, pou nou tou gade lye transfòmasyon peyi a. Pou chita sou ti chèz ba, gouyad teworik ak akademik sa, li mande pou gade :
- Kosmogoni ayisyen an ki pati ak lide, nan alevini kosmòs la genyen as frèt yo, ki konsidere tankou eleman matyè ki chita sou pwopriyete lwa fizik mekanik yo. Epitou, as cho yo, ki konsidere tankou enèji ki chita yo menm sou pwopriyete lwa fizik kantik ak relativis la. Sa ki vledi, lavi a nan tout dimansyon li ap repoze tout kò li nan mitan yon woulawoup sakad ki mete enèji ak matyè nan yon panye gravitasyon ak vibrasyon wòdpòte san kanpe. Sa ki vin akouche yon doub dyalektik filozofik ki kanpe sou bit materyalis istorik ak demateryalis sentetik.
- Ontoloji ayisyen an, ki jouke nan prensip mounite inivèsèl la k ap bouske somè libète a pou soti moun tout bon vre nan tout fòm esklavaj ak alyenasyon sistѐm peze souse a, te ka trennen dèyè li. Kidonk, konstriksyon sosyal moun yo gen yon dimansyon edikasyon objektif k ap gade aspè materyalis ak deyò moun lan. Epi tou, yon dimansyon oto-edikasyon sibjektif k ap gade aspè demateryalis ak anndan moun lan, nan lide pou akouche chan enèjetik li. Se eleman tou, ki pral detѐminen rit vibrasyon li ak dimansyon kosmik li. Yon pèspektiv ki pral blayi nan lavi moun lan dimansyon beyatitid, bonè, lanmou, espirityalite ak libète pwofondè a.
- Dimansyon epistemolojik ayisyen an, ki vize ranmase tout deplòtonnay konesans lavi a nan yon lòt sakit ki gen pòch anndan kou deyò nan limit pou transpòte nou sou tèren konpletid mounite inivèsèl la charye dèyè l la. Se yon demach ki vize ranmase konesans anndan ak deyò moun yo nan yon menm panyen apati piwèt paradig kosmik lan.
Si nou ta rete sou twa aspè sa yo, ki deja anonse yon lòt sivilizasyon, èske pa ta gen nesesite pou repanse lye entèpretasyon ak transfòmasyon Ayiti a ? Mete sou sa, li enpòtan tou pou nou ta gade kijan chematik sivilizasyonèl sila, ki nan madebat toujou, ka enfliyanse fòmasyon sosyal Ayiti a, latriye lit popilè k ap mennen pou debouche sou transfòmasyon Ayiti a, diferan larèl lide ki deplòtonnen nan batay pou kanpe transfòmasyon sosyal peyi a, san nou pa bliye piblikasyon analiz chematik 32/34 Jacques Roumain an, plis manifès pati antant popilè a avèk Jacques Stephen Alexis. Anpi tou, fòk nou gade kijan lide n ap deplòtonnen la yo enfliyanse fòs pwodiktif peyi a, rapò sosyal klas yo ak kapital kiltirѐl k ap mennen batay transfòmasyon an. Se latriye kesyònman sa yo plis lòt ankò ki pral gide nou nan gran vwayaj nou pral tanmen la pou bouske levye ki ka ede nou transfòme mak fabrik sosyete Ayiti a.
An nou swiv………..
James FRANCISQUE
Jounalis ekoloji politik ak kiltirѐl
Mwen fyè de oumenm. Yon sèl bagay gen mo mwen pa fin konprann nan vokabilè Kreyòl la men mwen fòse konprann. Un très beau texte. Toutes mes félicitations.