Nan yon nòt ekip kominikasyon Festival Entènasyonl Literati kreyòl (FEL) la, adrese ak gran piblik la, nou jwenn sou paj fesbouk evènman an. Festival Entènasyonl Literati anonse apre yon tan rekil stratejik, lansman 6èm edisyon an k ap gen pou dewoule soti 21 pou rive 26 janvye 2025. Mizapa Pòtoprens ak Gonayiv, Okap ak Wanament se 2 lòt vil nan peyi Ayiti k ap gen pou resevwa diferan aktivite yo.
Sou tèm : « Pou yon kreyolofoni syantifik ak yon kreyolofoni literè fètefouni », FEL rebondi pou yon evènman pi djanm ak pi solid k ap gen pou reyalize nan koumansman lane 2025 la.
« Ansanm nou repati pi fò, pi djanm pou yon selebrasyon literati kreyòl ki pi rich, pi bèl, pi grandyoz ! », se ak ti moso pawòl eneji sila ekip festival la ranmase fòs li pou li vin anonse tout ayisyen nèt alawonnbadè, ak sila ki nan dyaspora a retou festival la ak dewoulman sizyèm edisyon an.
N ap raple sou tab envite alonè a, n ap gen Doktè Serge Madhère (Ayiti), yon fouyapòt nètalkole nan lang kreyòl ayisyen an ; Lyonel Desmarattes, yon lòt zotobre ak babin nan lang kreyòl la epi Michel Ducasse, yon ekriven morisyen.
Pandan n ap rete tan n piblikasyon kalandriye ofisyèl la k ap gen pou anonse tout seri aktivite k ap gen pou fèt pandan peryòd festival la nan diferan komin k ap gen pou resevwa evènman sila nan peyi a, n ap pwofite soulinye ke Festival Entènasyonl Literati kreyòl (FEL) se premye ak pi gwo evènman Literati kreyòl nan peyi a, nan tout Karayib la pou rive jouk nan Oseyan Endyen. Chak ane festival la envite plizyè pèsonalite ayisyen ak nan zòn Karayib la k ap volorize epi bay jarèt ak pwodiksyon pèp kreyolofòn, kreyopal yo.
Pami pèsonalite ayisyen ak pèsonalite etranje FEL envite epi onore deja, genyen : Manno Ejèn (Ekriven-powèt ayisyen epi Manm Sosyete Koukouy Kanada) ; Yves Marie Seraline (Ekriven Matinikè) ; Pierre Michel Chéry (Akademisyen, ekriven ayisyen) ; Jo-Anne S. Ferreia (Pwofèsè inivèsite Trinidad ak Tobago) ; (Ekriven -tradiktè Rodolphe Sonson Mathurin ( Ekriven – Powèt ayisyen) ; Grégory RABESS (Ekriven-konpozitè, mizisyen Ladominik) ; Jean Dorcely Dédé (Ekriven powèt, atis pent ayisyen, epi Manm Sosyete Koukouy Santo) ; Guy Gérald Ménard (Akademisyen-ekriven ayisyen) ; Vye Ewòl (Ekriven-powèt ayisyen, desinatè epi Pwofèsè inivèsite Etazini).