Bòs Chaleran se yon tèks Maurice Sixto ekri nan lane 1984. Pandan 30 minit, vwa youn nan pi gwo ak pi popilè lodyansè peyi Dayiti konnen, rive fè nou vwayaje epi manyen reyalite klas peyizan ayisyen an nan lane 80 yo. Lodyans sa manyen sitiyasyon peyi Dayiti sou ang politik, sosyal, ekonomik ak demografik. Li se youn nan gwo prèv Talan ak angajman Maurice Sixto nan voye lang ak kilti kreyòl ayisyen an monte.
Avan nou ale pi lwen, li enpòtan pou nou di Kisa yon lodyans ye. Lodyans lan se yon jan nan oraliti ayisyen an ki sanble ak kont. Lodyans lan rakonte yon istwa menm jan ak kont lan, men lodyans lan gen patikilarite rakonte istwa ak anpil imou e san makiyaj. Lòt patikilirarite lodyans lan, li pale de reyalite sosyal, politik ak pwoblèm sosyete a ki toujou ap kase fèy kouvri sa. Tandans sila a te kòmanse pran manm nan fen 19èm syèk la. Se ekriven Justin Lherisson ak Fernand Hibbert ki te premye ekri jan lodyans lan ki te konn pibliye nan journal ki te rele Le Soir.
Maurice Sixto sèvi ak plizyè pèsonaj òdinè pou l pale de yon sitiyasyon ki tap vale teren nan fen rejim diktatoryal Duvalier yo. Fenomèn fanm ak gason, jèn ak adolesan k ap kite lakay yo andeyò pou y al travay di nan kapital la, Pòtoprens, te kòmanse depase otorite lokal yo. Bòs Chaleran, se listwa Dòsen, yon jenn peyizan ki kite tè l ak fanmi l andeyò, pou l al rete nan Pòtoprens. Maurice Sixto sèvi ak vwa Bòs Chaleran pou l konte peripesi Dòsen pase pandan ti tan li t ap viv Pòtoprens, epi dekri kondisyon lavi moun k ap viv nan mòn.
Lè nou fon kout je dèyè nan listwa peyi Dayiti, se nan lane 80 yo, pou presize nan peryòd ki pral make fen diktati Duvalier yo, fenomèn moun pwovens kap kite lakay yo pou yo al rete nan kapital la te kòmanse vale teren. Selon lodyans lan, gen plizyè rezon ki ka ekplike sa: tankou kalite ak kantite lekòl yo ki pa reponn ak kantite timoun k ap grandi nan kanton an, lopital ak sant sante ki pa ka bay abitan yo bon sèvis akoz pwoblèm materyèl, resous moun, ak leta ki pa pote men nan kesyon sante nan zòn sa yo. Epi youn nan rezon ki pi enpòtan: peyizan yo souvan santi yo poukont yo nan kesyon jere jaden yo e yo konprann byen se yo k ap bay peyi a manje pandan yo pa pwofite de sa ase.
Nan lodyans sa a, Maurice Sixto pale de pwoblem dlo trete pou moun sèvi, wouze jaden ak pou bwè ki difisil nan anpil zòn pwovens nan peyi a. Li manyen tou kesyon lamizè k ap frape peyizan yo pandan moun lavi l ap achte machandiz nan men yo pou yon ti grapday monnen, apresa pou y al vann li byen chè nan peyi lòtbò dlo. Pwoblèm sosyal sa yo Maurice Sixto ap denonse nan Bòs Chaleran montre neglijans leta pote konsekans grav sou lavi moun nan mòn yo. Anpil ti jenn fanm ak jenn gason ki te ka itil peyi a pa rive al lekòl, yo chita nan jwe bolèt nan lespwa yap rich. Anpil moun ap pèdi lavi yo akoz malèz ak maladi ki te ka trete nan yon bat je. Epi peyizan ki dekouraje ki kite jaden yo dan griyen, sa ki lage peyi a nan plis grangou ak pòvte.
Bòs Chaleran denonse abi sou tout fòm moun nan mòn ap sibi anba men moun lavil. Li pwofite preche yon mesaj linyon paske youn depann de lòt pou peyi a mache. Dayè li di li klè kou lalin nan lodyans lan: « Yon men lave lòt, men se de men ki lave figi ». Maurice Sixto pwofite denonse absans politik piblik nan zòn pwovens yo, absans enfrastrikti ki konplike lavi sitwayen yo ki, selon li menm, wè prezans aktè politik yo selman lè eleksyon ak lè y ap defann enterè pèsonèl yo.
Bòs Chaleran se yon tèks ki ekri nan Lang kreyòl ayisyen an. Li rich ak yon trantèn pwovèb ki ilistre chak lide otè à vle fè pase e li montre tou lang kreyòl la gen kapasite pou li pran plas li sou sèn literè ayisyen an. Pwovèb sa yo jwe wòl lyezon nan eskelèt tèks la, yo pèmèt lektè a konprann pi fasil epi pran plezi nan tèks la tou. Genyen ki bay leson moral, ki kritike sosyete a, e lòt ki bay konsèy. Lòt pwen pozitif pwovèb yo nan Bòs Chaleran, yo pèmèt sikilasyon fòlklò a epi transmèt valè kominote ayisyen an.
Pale de Bòs Chaleran san pale de Maurice Sixto pa posib. Lodyansè sa se pitit vil endepandans lan. Li fèt nan lane 1919. Li te kontè, imoris, lodyansè ak pwofesè. Li ekri plis pase 50 tèks nan karyè li e li te yon kalbas gran djòl nan koze manyen sijè sansib, sijè sosyete a te konn ap pale anba tab. Pami tèks ki pi popilè yo genyen: Léa Kokoye, Ti Sentaniz ak J’ai vengé la race. Maurice Sixto mouri trajikman nan dat 12 me 1984 nan lakou Etazini. Zèv li yo travèse plizyè jenerasyon e Bòs Chaleran se yon bon egzanp.
Bòs Chaleran se istwa k ap pase chak jou nan peyi Dayiti. Se reyalite ak kri klas peyizan ayisyen an. Men, Bòs Chaleran, se tou yon trantèn pwovèb, yon ventèn ekspresyon kreyòl ki ap tann kominote ayisyen an dekouvri yo. Poutan, 40 lane apre, lodyans sila a pa nan lis tèks obligatwa yo etidye nan lekòl segondè an Ayiti!