Dimanch 27 jiyè 2024 la, òganizasyon Kalbas Ayiti lanse uityèm edisyon 20 jou sou Ayisyanite. Aktivite sila k ap bout 14 dawout k ap vin la nan okazyon komemorasyon seremoni Bwa kayiman an, ap fèt ane sa a anba tèm : « An n konprann mounite klasik ayisyen an nan lè teknoloji ak dijitalizasyon an ». Atravè edisyon sa, Kalayit yo vle rive penmèt tout pèp Ayisyen an pran konsyans sou sa ki defini l kòm ayisyen otantik ki valorize sòk idantite kiltirèl li, si n kwè kowòdonatè jeneral òganizasyon an, James Francisque.
Depi lanne 2016, chak ane, òganizasyon sosyokiltirèl Kalbas Ayiti kase randevou ak jenès ayisyen an nan kad 20 Jou sou Ayisyanite, yon kokennchenn evènman kiltirèl ki vize sansibilize pèp la sou sa ki defini l kòm ayisyen otantik. « Objektif 20 jou Ayisyanite a se rive penmèt tout pèp Ayisyen an, pran konsyans sou sa ki defini nou kòm ayisyen otantik ki valorize sòk idantite kiltirèl nou », deklarasyon James Francisque, ki se kowòdonatè Kalbas Ayiti.
Men Kisa Kalbas Ayiti ye ?
Kalbas ayiti se yon òganizasyon sosyokiltirèl ki pran nesans nan lanne 2012, nan komin Kwadèboukè, yon espas kote ensekirite an ap klenwonnen. Dapre ekriven James Francisque nan yon ti bat bouch avèk jounal La Ruche, òganizasyon sa a kreye nan lide pou mete sou pye yon estrikti solid ki vle sèvi kòm defansè kilti popilè pèp ayisyen an. Anfèt, Kalay (ki se non jwèt Kalbas Ayiti) se fizyon de ansyen platfòm ki t ap milite deja nan komin lan, ki se Ideyal klèb literè ak Lemodèn klèb.
« De klèb literè sa yo, te mete tèt yon ansanm pou lanse yon espas lodyans ak pèfòmans ki te rele kafe Ikla nan zòn marasa. Apre anpil refleksyon, nou te pral fizyone de estrikti sa yo pou bay nesans nan dat 20 septanm 2012 avèk Kalbas Ayiti », deklarasyon militan lakilti ak ekoloji James Francisque. Prensipal misyon estrikti sa, selon kowòdonatè a, se defann kilti popilè pèp ayisyen an, ki anrasinen nan jouk vodou ak lang kreyòl la, yon mannyè pou ede peyi a jwenn wout devlòpman dirab nan paradig sila a.
Defansè lakilti a, James Francisque, t ap eskplike pou di misyon sa vini apre konsta ki montre gen yon volonte pou dyabolize kilti pèp la ak sa ki ladan l ki bon. Sitou sa ki gen pou wè ak dimansyon vodou a ki retranpe avèk lafrik… « Nan sans sa, nou te tanmen mennen yon tralye evènman ki gen pou wè avèk medyasyon kiltirèl, vizit etnografik, panèl refleksyon sou posibilite pou genyen yon filozofi Ayisyen, tounen literè nan lekòl plis evènman 20 jou sou Ayisyanite nou an ki te derape depi nan lanne 2016 », Misye Francisque.
Lansman 8è edisyon 20 jou sou Ayisyanite
Kalay te lanse 8è edisyon kokennchenn evènman sosyokiltirèl 20 Jou sou Ayisyanite an, dimanch 27 jiyè ki sot pase a, yon dat ki raple lavèy premye okipasyon blan meriken nan peyi a. Selon kowòdonatè a, evènman sa lanse nan lide pou raple nou memwa okipasyon Etazini an, ki te pwente sou peyi a, nan lannwit 27 Jiyè pou louvri sou 28 jiyè 1915, kote lanne jodi a make 109 depi van enperyalis la ap tante detwi mounite klasik ayisyen an. Evenman sila ap bout nan dat 14 Dawout 2024, nan lide pou raple memwa seremoni ak gwo wonmble bwa kayiman, kote Boukmann te lanse zak fondasyon nachon pèp Ayisyen an, toujou dapre responsab Kalbas Ayiti a.
Ane sa a, òganizatè yo prevwa yon latriye aktivite tankou espektak, konferans-deba, rankont, ekspozisyon ak visit gide, ki pral dewoule anba tèm : An n konprann mounite klasik ayisyen an nan lè teknoloji ak dijitalizasyon an. Si n kwè eksplikasyon M. Francisque,Mounite klasik ayisyen an nan lè nimerik la esprime de bagay. Li voye ak lide pou esplwate espas nimerik la pou gaye nouvèl, nan yon espas kote yo vle toufe diskou ki gen pou wè avèk mounite klasik sila [yon demach ki enskri tèt nan yon mounite ki nan yon kilti transandantal]. Epi tou, lè nimerik la temwaye nesesite yon kalte mounite nan espas sosyal yo.
Kalbas Ayiti vle sèvi ak edisyon sa kòm pretèks pou revandike kèk pwen fondamantal pou yo chita sa yo rele mounite klasik ayisyen an. Pami revandikasyon sa yo nou kapab site : jou 14 dawout la dwe konsakre jou ferye ; Kreyòl la dwe lang ansèyman peyi a ; ajoute nan pwogram klasik filozofi a, kou filozofi ayisyen an ki diferan ak baz filozofi oksidantal la, dapre James Francisque, militan Kreyolis demateryalis sentetik (yon kouran literè ak filozofi ayisyen).
« Nou prevwa mobilize kèk konpatriyòt pou ale fè yon vizit sou sit bwa kayiman. Yon vizit ki ap anmèmtan, etnografik pou rive konprann tout dimansyon senbolik ki kache dèyè sit bwa kayiman an. Mete sou sa, nou vle anime yon atelye refleksyon. San kite dèyè, yon seyans netwayaj ak abelisman sou sit la, ki souvan neglije », se sa kowòdonatè a fè konnen.